1 Timote 6

1 ¶ Tout moun k’ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p’ap kapab pale non Bondye a ni verite n’ap anonse a mal. 2 Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l’ manke l’ respè …

1 Timote 5

1 ¶ Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou; 2 ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te …

1 Timote 4

1 ¶ Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k’ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k’ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. 2 Y’ap kite yon bann moun ipokrit fè …

1 Timote 3

1 ¶ Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l’ dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay. 2 Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l’ san repwòch. Se pou l’ gen yon sèl madanm. Se pou l’ yon nonm serye, ki …

1 Timote 2

1 ¶ Pou konmanse, m’ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l’ tout kalite demann pou yo, mande l’ padon pou yo, di l’ mèsi pou yo. 2 Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou …

1 Timote 1

1 ¶ Mwen menm, Pòl, yon apòt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou, 2 m’ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M’ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, …

2 Tesalonisyen 3

1 ¶ Pou fini, frè m’ yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. 2 Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m’ anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun …

2 Tesalonisyen 2

1 ¶ Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l’ sanble nou ansanm bò kote li. Frè m’ yo, men sa m’ap mande nou: 2 Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni …

2 Tesalonisyen 1

1 ¶ Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m’ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k’ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. 2 Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak …

1 Tesalonisyen 5

1 ¶ Frè m’ yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m’ fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. 2 Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l’ vin sou nou tankou yon vòlò k’ap vin nan mitan …