1 ¶ Se vre wi, sa m’ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p’ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m’ anpil si m’ t’ap bay manti. 2 Kè m’ sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k’ap …
women yo 8
1 ¶ Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. 2 Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. 3 Bagay lalwa Moyiz la pa t’ kapab fè, paske kò lèzòm …
women yo 7
1 ¶ Frè m’ yo, mwen sèten nou konnen sa m’ pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li. 2 M’ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l’ devan lalwa toutotan mari …
women yo 6
1 ¶ Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? 2 Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n’ ta ka kontinye ap viv toujou nan …
women yo 5
1 ¶ Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. 2 Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n’ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa …
women yo 4
1 ¶ Kisa n’a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l’ te jwenn? 2 Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l’ gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye. 3 Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram …
women yo 3
1 ¶ Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li? 2 Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo. 3 Bon, tande non. Si gen ladan yo ki …
women yo 2
1 ¶ Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k’ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k’ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w’ap kondannen lè w’ap jije yo. 2 Nou konnen Bondye ap jije moun k’ap fè bagay sa yo, …
women yo 1
1 ¶ Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k’ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm. 2 Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li …
Travay Apot yo 28
1 ¶ Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt. 2 Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t’ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou. 3 Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t’ap …