Jòb 39

1 ¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba? 2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt? 3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi …

Jòb 38

1 ¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l’ konsa: 2 -Kisa ou ye menm pou w’ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? 3 Mete gason sou ou! M’ pral poze ou …

Jòb 37

1 ¶ Lè konsa, kè m’ ap bat. M’ santi l’ap rache. 2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l’ap gwonde! 3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. 4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè …

Jòb 36

1 ¶ Eliyou pran pale ankò, li di konsa: 2 -Pran yon ti pasyans. Kite m’ fè yon ti pale ankò, paske m’ poko fin di sa m’ gen pou m’ di pou pran defans Bondye. 3 Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m’ moutre ou se …

Jòb 35

1 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò, li di: 2 -Pa konprann ou gen rezon lè w’ap di ou inonsan devan Bondye, 3 lè w’ap di Bondye: Ki mele ou sa? M’ te mèt peche, sa pa fè ou anyen. 4 Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou …

Jòb 34

1 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa: 2 -Nou menm moun lespri yo, koute sa m’ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou! 3 Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou. 4 Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an …

Jòb 33

1 ¶ Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m’ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m’. 2 M’ pare pou m’ di dènye sa ki vin nan bouch mwen. 3 M’ pral di tou sa ki nan kè m’. Se verite a tou senp mwen pral pale. 4 …

Jòb 32

1 ¶ Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò. 2 Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè …

Jòb 31

1 ¶ Mwen te fè sèman pou m’ pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. 2 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou? 3 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon …

Jòb 30

1 ¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m’ yo ap pase m’ nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t’ pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m’ pou gade mouton. 2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. …