1 ¶ Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t’ fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l’. 2 Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl …
2 Kronik 27
1 ¶ Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l’ te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 2 Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l’, te fè. Tansèlman, li pa t’ janm …
2 Kronik 26
1 ¶ Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l’ wa nan plas papa l’. Ozyas te gen sèzan lè sa a. 2 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l’ tounen anba otorite wa peyi Jida a apre lanmò papa l’. …
2 Kronik 25
1 ¶ Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l’ te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. 2 Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li. 3 Lè Amasya fin chita otorite l’, li fè touye …
2 Kronik 24
1 ¶ Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l’ te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 2 Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t’ ankò mouri. 3 Jeojada …
2 Kronik 23
1 ¶ Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l’ fè sa pou l’ fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja …
2 Kronik 22
1 ¶ Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l’ lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l’. 2 Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li …
2 Kronik 21
1 ¶ Jozafa mouri, yo antere l’ nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li. 2 Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou. 3 Papa yo te …
2 Kronik 20
1 ¶ Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. 2 Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l’ konsa: -Men yon gwo lame soti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin …
2 Kronik 19
1 ¶ Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l’. 2 Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l’ konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k’ap fè mal? Ki jan …