1 ¶ Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t’ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l’ ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la. 2 Kèk lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa …
2 Kronik 17
1 ¶ Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l’. Li ranfòse pozisyon l’ devan peyi Izrayèl la. 2 Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l’, te pran …
2 Kronik 16
1 ¶ Wa Asa te gen trannsenkan depi li t’ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l’ sòlda pa l’ pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida. 2 Lè wa Asa wè sa, li pran bagay …
2 Kronik 15
1 ¶ Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd. 2 Azarya soti al kontre wa Asa, li di l’ konsa: -Koute sa m’ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou …
2 Kronik 14
1 ¶ Lè Abija mouri, yo antere l’ lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan. 2 Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l’ la. …
2 Kronik 13
1 ¶ Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abija moute wa nan peyi Jida. 2 Li gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l’ te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram. …
2 Kronik 12
1 ¶ Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou. 2 Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute …
2 Kronik 11
1 ¶ Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l’ mete yo anba lòd li ankò. 2 Men, Bondye pale …
2 Kronik 10
1 ¶ Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay …
2 Kronik 9
1 ¶ Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l’ sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l’ ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè …