1 ¶ Wa David sanble tout moun li yo. Li chwazi chèf pou chak rejiman mil sòlda ak pou chak divizyon san sòlda. 2 Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, …
2 Samyèl 17
1 ¶ Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa: -Kite m’ chwazi douzmil (12.000) sòlda. M’ap pati aswè a menm dèyè David. 2 M’ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m’ap atake l’, m’ap fè l’ pè. Lè sa a, tout moun ki avè l’ yo va kraze rak. …
2 Samyèl 16
1 ¶ David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k’ap vin kontre l’. Li t’ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (200) pen, san (100) grap rezen chèch, san (100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt …
2 Samyèl 15
1 ¶ Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. 2 Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li …
2 Samyèl 14
1 ¶ Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil. 2 Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l’ konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W’ap mete …
2 Samyèl 13
1 ¶ Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li. 2 Amnon te sitèlman renmen l’, li vin malad paske li pa t’ ka …
2 Samyèl 12
1 ¶ Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l’, li di l’ konsa: -Vwala te gen de nonm ki t’ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. 3 Pòv la menm …
2 Samyèl 11
1 ¶ Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil …
2 Samyèl 10
1 ¶ Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li. 2 David di: -Se pou m’ aji byen ak Anoun menm jan papa l’, Nakach, te aji byen avè m’. Se konsa David voye mesaje al di Anoun …
2 Samyèl 9
1 ¶ Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l’ poutèt Jonatan. 2 Te gen yon domestik ki t’ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l’, yo mennen l’ bay wa a. …