1 ¶ Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l’ mennen l’ tounen ba li. 2 Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun …
Deuteronòm 21
1 ¶ Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n’ rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa, 2 chèf fanmi yo ak jij yo va soti, y’a mezire distans ki …
Deuteronòm 20
1 ¶ Lè nou soti pou n’ al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, …
Deuteronòm 19
1 ¶ Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l’ ban nou peyi ki te pou yo a, lè n’a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo, 2 n’a …
Deuteronòm 18
1 ¶ Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p’ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y’a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va …
Deuteronòm 17
1 ¶ Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm. 2 Si ta gen nan mitan nou, nan …
Deuteronòm 16
1 ¶ Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la. 2 Pou fèt delivrans lan, n’a …
Deuteronòm 15
1 ¶ Chak sètan n’a annile dèt tout moun ki dwe nou, n’a kite lajan an pou yo. 2 Men ki jan n’a fè l’: Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile …
Deuteronòm 14
1 ¶ Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou. 2 Paske se yon pèp k’ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou …
Deuteronòm 13
1 ¶ Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, 2 si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al …