Egzòd 15

1 ¶ Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M’ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè. 2 Seyè a, se tout fòs mwen. …

Egzòd 14

1 ¶ Bondye pale ak Moyiz, li di l’: 2 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiròt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N’a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a. 3 Farawon an pral mete nan tèt li …

Egzòd 13

1 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: 2 -Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye. 3 Moyiz di pèp la: -Pa …

Egzòd 12

1 ¶ Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo: 2 -Se mwa sa a k’ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k’ap anvan tout lòt mwa yo. 3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa …

Egzòd 11

1 ¶ Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l’ap kite nou ale. Wi, lè l’a pare pou l’ kite nou ale a, se mete l’ap mete nou deyò. 2 Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou …

Egzòd 10

1 ¶ Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l’ gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l’ yo, pou m’ fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo. 2 Konsa tou, n’a rakonte pitit nou yo ak …

Egzòd 9

1 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w’a di l’: Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen. 2 Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, …

Egzòd 8

1 ¶ Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W’a di l’: Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l’ kapab fè sèvis pou mwen. 2 Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a …

Egzòd 7

1 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l’ pou ou tankou yon pwofèt. 2 W’a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l’a repete l’ bay farawon an …

Egzòd 6

1 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m’ pral fè farawon an. Mwen pral fè l’ santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l’ap kite yo ale. Wi, m’ap fòse l’ sitèlman, se mete l’ap mete yo deyò nan peyi l’ a. 2 …