Matye 8

1 ¶ Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t’ap mache dèyè li. 2 Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l’, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l’ konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen. …

Matye 10

1 ¶ Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. 2 Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l’ yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen …

Matye 11

1 ¶ Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, li ale nan lòt lavil peyi a. Li t’ap mache bay mesaj la, li t’ap moutre moun yo anpil bagay. 2 Antan Jan Batis te nan prizon, …

Matye 12

1 ¶ Kèk jou apre sa, Jezi t’ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t’ap manje grenn yo. 2 Lè farizyen yo wè sa, yo di l’ konsa: Gade. Disip ou yo ap …

Matye 13

1 ¶ Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a. 2 Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la. 3 Li t’ap rakonte yo …

Matye 21

1 ¶ Yo t’ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, 2 li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n’a rive, n’a jwenn yon manman bourik mare, …

Malachi 1

1 ¶ Men mesaj Seyè a te bay Malachi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte li. Men desizyon Seyè a: 2 Seyè a di: Mwen renmen nou! Men, pèp la reponn: Ki jan ou renmen nou an? Men sa Seyè a reponn yo: Ezaou ak Jakòb, apa de frè …

Malachi 2

1 ¶ Koulye a, men lòd mwen bay prèt yo: 2 Si nou pa koute sa m’ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m’ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k’ap pale konsa wi. M’ap madichonnen …

Malachi 3

1 ¶ Seyè a pale, li di konsa: -Men m’ap voye mesaje mwen devan pou l’ pare yon chemen pou mwen. N’ap rete konsa, n’ap wè Seyè n’ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l’ap vini pou l’ fè tout …

Matye 1

1 ¶ Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram. 2 Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l’ yo. 3 Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; …