1 ¶ Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l’ toupatou. 2 Seyè a kite l’ mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen …
Daniel 2
1 ¶ Wa Nèbikadneza t’ap mache sou dezan depi li t’ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l’ anpil. Li pa t’ ka dòmi. 2 Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a …
Daniel 3
1 ¶ Wa Nèbikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevendis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l’ kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan. 2 Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, …
Daniel 4
1 ¶ Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout. 2 Se yon plezi pou mwen pou m’ fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo …
Daniel 5
1 ¶ Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t’ap bwè diven ansanm. 2 Antan yo t’ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y’ al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l’, Nèbikadneza, te …
Daniel 6
1 ¶ Dariyis deside chwazi sanven (120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. 2 Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. 3 Danyèl sa a te …
Daniel 7
1 ¶ Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t’ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a: 2 -Jou lannwit sa …
Daniel 8
1 ¶ Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t’ap mache sou twazan depi li te wa. 2 Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè …
Daniel 9
1 ¶ Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t’ap mache sou ennan depi li t’ap gouvènen peyi Babilòn. 2 Mwen menm Danyèl, mwen t’ap etidye liv Bondye yo. Mwen t’ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l’ rete kraze a, jan Seyè …
Oze 12
1 ¶ Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p’ap rapòte yo anyen. Y’ap kouri siyen kontra ak moun k’ap fini ak yo. Tout lajounen y’ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y’ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip. 2 …