Sòm 113

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm k’ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2 Se pou nou nonmen non l’ depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4 Seyè a …

Sòm 114

1 ¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo, 2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l’. 3 Lè Lanmè Wouj la wè l’, li pran kouri san gad …

Sòm 115

1 ¶ Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? …

Sòm 116

1 ¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2 Li te panche zòrèy li bò kote m’ chak fwa mwen rele l’. 3 Lanmò te fin vlope m’. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m’ te kase, mwen te nan …

Sòm 117

1 ¶ Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! 2 Paske, li renmen nou anpil anpil, l’ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!

Sòm 118

1 ¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p’ap janm sispann renmen nou! 2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 3 Se pou prèt k’ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 4 Se pou tout moun …

Sòm 119

1 ¶ Ala bon sa bon pou moun k’ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k’ap mache dapre lalwa Seyè a! 2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k’ap chache obeyi l’ ak tout kè yo! 3 Moun konsa p’ap fè mal, …

Sòm 120

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Lè m’ te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen. 2 Delivre m’ non, Seyè, anba moun k’ap bay manti, anba moun k’ap twonpe moun. 3 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? …

Sòm 121

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m’, mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m’a jwenn sekou? 2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. 3 Li p’ap kite …

Sòm 122

1 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m’: -Ann ale lakay Seyè a. 2 Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm. 3 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote …