1 ¶ Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n’ap lapriyè nan pye l’. 2 Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou …
Èzayi 60
1 ¶ Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou. 2 Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! 3 Nasyon yo pral kouri vin nan limyè …
Èzayi 61
1 ¶ Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m’, li voye m’ pou m’ anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m’ geri tout moun k’ap soufri yo, pou m’ fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou …
Èzayi 62
1 ¶ Jan m’ renmen mòn Siyon sa a! Se pou m’ pale. Jan m’ renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p’ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k’ap leve, tankou flanbo k’ap klere nan fènwa. 2 Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout …
Èzayi 63
1 ¶ Kilès sa a k’ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L’ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L’ap mache tèt li byen wo, l’ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki …
Èzayi 64
1 ¶ Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble. 2 Yo ta moute desann tankou dlo k’ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo …
Èzayi 65
1 ¶ Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m’ te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t’ lapriyè m’. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t’ chache m’. Pèp la pa lapriyè nan pye m’, atout mwen te toujou pare pou m’ …
Jeremi 2
1 ¶ Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa: 2 -Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t’ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan …
Jeremi 3
1 ¶ Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l’, li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p’ap yon gwo bagay …
Jeremi 4
1 ¶ Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m’, si nou sispann lage kò nou nan raje, 2 si nou pran non mwen, non …