Èzayi 30

1 ¶ Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k’ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y’ap fè, se pwòp lide yo y’ap swiv, se pa lide pa m’. Y’ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y’ap fè peche sou peche. 2 Yo …

Èzayi 31

1 ¶ Madichon pou moun k’ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a. 2 Men tou, Seyè a …

Èzayi 32

1 ¶ Yon jou, va gen yon wa k’ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. 2 Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y’ap tankou yon sous dlo k’ap …

Èzayi 33

1 ¶ Madichon pou lènmi nou yo! Y’ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y’ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y’a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y’a fin trayi nou, moun va trayi yo tou! 2 Seyè, pitye pou nou! Se nan …

Èzayi 34

1 ¶ Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n’ koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute! 2 Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout …

Èzayi 35

1 ¶ Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. 2 Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn …

Èzayi 36

1 ¶ Ezekyas te gen katòzan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo. 2 Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil …

Èzayi 37

1 ¶ Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l’ lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi li al nan tanp Seyè a. 2 Li voye Elyakim, chèf moun k’ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm …

Èzayi 38

1 ¶ Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l’ mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l’ konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou …

Èzayi 39

1 ¶ Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado. 2 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès …