1 ¶ Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l’ ale lavil Asdòd. 2 Yo antre avè l’ nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l’ sou kote estati Dagon an. 3 Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd …
1 Samyèl 6
1 ¶ Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a. 2 Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n’ fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n’ fè pou n’ voye l’ tounen nan …
1 Samyèl 7
1 ¶ Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyè a. Yo mete l’ lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyè a. 2 Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. …
1 Samyèl 8
1 ¶ Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l’ yo pou gouvènen pèp Izrayèl la. 2 Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t’ap gouvènen. 3 Men yo pa t’ swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese …
1 Samyèl 9
1 ¶ Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg. 2 Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa …
1 Samyèl 10
1 ¶ Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l’ sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l’, epi li di l’: -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l’ pa l’. W’a gouvènen pèp li a, w’a delivre yo anba men tout …
1 Samyèl 11
1 ¶ Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N’ap asepte ou pou chèf. 2 Men, Nakach reponn yo: -M’ap siyen …
1 Samyèl 12
1 ¶ Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m’ fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou. 2 Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m’, mwen fin granmoun, cheve m’ fin blan, se pitit …
1 Samyèl 13
1 ¶ Sayil te majè lè yo te fè l’ wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la. 2 Sayil chwazi twamil (3000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l’ lavil …
1 Samyèl 14
1 ¶ Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t’ap pote zam li yo, li di l’ konsa: -Ann al avè m’! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t’ avèti papa l’. 2 Sayil menm te moute kan li …