Sòm 79

1 ¶ Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2 Yo kite kadav moun k’ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin …

Sòm 80

1 ¶ (80:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k’ap mennen …

Sòm 81

1 ¶ (81:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y’ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (81:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 2 (81:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou …

Sòm 84

1 ¶ (84:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y’ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (84:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! 2 (84:3) Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M’ap deperi sitèlman m’ …

Sòm 88

1 ¶ (88:1) Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. (88:2) Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m’ap rele nan pye ou! 2 (88:3) Se pou …

Sòm 89

1 ¶ (89:1) Chante Etan, moun peyi Ezra. (89:2) Seyè, mwen p’ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m’a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou. 2 (89:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen …

Sòm 90

1 ¶ Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. 2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l’, depi tout tan ak pou tout tan …

Sòm 91

1 ¶ Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a 2 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou …

Sòm 92

1 ¶ (92:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (92:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. 2 (92:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè …

Sòm 93

1 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l’. 2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. 3 Larivyè yo desann, Seyè, …