1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m’ yo, goumen ak moun k’ap fè m’ lagè yo. 2 Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m’ sekou. 3 Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k’ap pousib mwen …
Sòm 36
1 ¶ (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye. 2 (36:3) Li kwè li pi bon pase sa l’ ye a: konsa, li pa …
Sòm 37
1 ¶ Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k’ap fè mal yo! 2 Talè konsa, y’ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon. 3 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran …
Sòm 38
1 ¶ (38:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (38:2) Seyè, pa pini m’ lè ou fache! Pa kale m’ lè ou an kòlè! 2 (38:3) Ou bat mwen jouk ou blese m’. Ou kale m’ byen kale. 3 (38:4) Ou te fache anpil, se sa ki …
Sòm 39
1 ¶ (39:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (39:2) Mwen te pwomèt mwen t’ap veye sou pawòl mwen, pou m’ pa peche ak lang mwen. M’ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen. 2 (39:3) Mwen fèmen bouch …
Sòm 40
1 ¶ (40:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (40:2) Mwen te mete tout espwa m’ nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m’, li te tande m’ lè m’ t’ap rele. 2 (40:3) Li rale m’ soti nan twou kote m’ t’ap peri a, …
Sòm 41
1 ¶ (41:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (41:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l’ lè la nan tray. 2 (41:3) Seyè a va pwoteje l’, li p’ap kite l’ mouri. L’ap fè l’ viv ak kè …
Sòm 42
1 ¶ (42:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (42:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. 2 (42:3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m’ ava ale pou …
Sòm 43
1 ¶ Fè m’ jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m’ anba moun sa yo k’ap bay manti, k’ap fè mechanste. 2 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m’ konsa? Poukisa pou m’ap viv …
Sòm 44
1 ¶ (44:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (44:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan. 2 (44:3) …