1 ¶ Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m’ gade. Mwen wè kat cha lagè ki t’ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv. 2 Premye cha a te gen chwal wouj ki t’ap rale l’. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t’ap rale …
Nahom 2
1 ¶ Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou! 2 Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan …
Zakari 7
1 ¶ Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari. 2 Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a. 3 Yo te voye yo vin …
Nahom 3
1 ¶ Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l’ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt. 2 Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k’ap woule vini. Koute bri chwal yo …
Zakari 8
1 ¶ Seyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesaj sa a: 2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo. 3 Men sa Seyè ki gen tout …
Abakouk 1
1 ¶ Men mesaj Bondye te bay pwofèt Abakouk nan yon vizyon. 2 Seyè! Konbe tan ankò pou m’ pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m’? Konbe tan ankò pou m’ pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba …
Zakari 9
1 ¶ Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte li: Li pran desizyon pou l’ pini moun peyi Adrak yo ansanm ak moun lavil Damas yo. Se pa sèlman branch fanmi Izrayèl yo ki pou Seyè a. Tout latè nèt se pou li. 2 Peyi Amat ki sou …
Abakouk 2
1 ¶ Mwen moute sou fò a pou m’ veye. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a, m’ap tann pou m’ wè sa Seyè a pral di m’, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen plenyen ba li a. 2 Men repons Seyè a ban mwen. Li …
Zakari 10
1 ¶ Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l’ ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse. 2 Moun k’ap bat kat yo, se twonpe y’ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y’ap bay. …
Abakouk 3
1 ¶ Men lapriyè pwofèt Abakouk te fè pou li plenyen sò li bay Bondye. 2 -Seyè! Mwen tande tou sa ou te di. M’ sezi, m’ap tranble nan tout kò m’. Seyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, koulye a, fè nou wè yo nan …