1 ¶ Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l’ te ba li: 2 Kisa pou m’ di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l’ ban mwen ou. Kisa pou m’ di ou? 3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. …
Chante Solomon 4
1 ¶ Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k’ap kouri desann sou mòn Galarad. 2 Dan ou yo blan tankou mouton …
Eklezyas 1
1 ¶ Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm. 2 Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase. 3 Yon moun te mèt pase tout lavi l’ …
Eklezyas 2
1 ¶ Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen! 2 Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen! 3 Tèlman mwen t’ap chache …
Eklezyas 3
1 ¶ Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k’ap fèt sou latè. 2 Li fikse lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte, 3 lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou …
Eklezyas 4
1 ¶ Apre sa, mwen gade tout lenjistis k’ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y’ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k’ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo. 2 Mwen wè sò moun mouri yo …
Eklezyas 5
1 ¶ Gade byen ki jan w’ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal. 2 Fè …
Eklezyas 6
1 ¶ Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil. 2 Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l’ jwi yo. Se yon etranje k’ap jwi yo pito. Tou …
Eklezyas 7
1 ¶ Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la. 2 Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote …
Pwovèb 23
1 ¶ Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye. 2 Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou. 3 Pa pote lanvi sou bon ti manje l’ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann …