1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m’ap rele ou, prese vin kote m’ non! Panche zòrèy ou pou tande lè m’ap rele nan pye ou! 2 Se pou lapriyè m’ moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m’ leve men m’ pou …
Sòm 126
1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t’ vle kwè se te vre! 2 Ala ri nou te ri! Ala chante …
Sòm 142
1 ¶ (142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (142:2) M’ap louvri bouch mwen, m’ap rele Seyè a. M’ap louvri bouch mwen, m’ap kriye nan pye Seyè a. 2 (142:3) M’ap louvri kè m’ bay Bondye, m’ap rakonte l’ mizè …
Sòm 127
1 ¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k’ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k’ap pwoteje lavil la, travay moun k’ap veye yo pa vo anyen. 2 Sa …
Sòm 143
1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, koute m’ lè m’ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m’ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri. 2 Pa jije m’ sou sa m’ fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen …
Sòm 128
1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k’ap mache nan chemen li mete devan ou lan! 2 Avèk travay ou fè ak men ou, w’ap jwenn manje pou …
Sòm 144
1 ¶ Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m’ jan pou m’ goumen, se li ki pare m’ pou m’ al nan batay. 2 Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m’ …
Sòm 129
1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn. 2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo …
Sòm 145
1 ¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan. 2 Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 3 Seyè a gen …
Sòm 98
1 ¶ Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la. 2 Seyè a te fè wè jan l’ delivre nou. Li te fè …