1 ¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo, 2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l’. 3 Lè Lanmè Wouj la wè l’, li pran kouri san gad …
Sòm 99
1 ¶ Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble! 2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L’ap gouvènen sou tout pèp yo. 3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li …
Sòm 115
1 ¶ Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? …
Sòm 100
1 ¶ Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. 2 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! 3 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki …
Sòm 116
1 ¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2 Li te panche zòrèy li bò kote m’ chak fwa mwen rele l’. 3 Lanmò te fin vlope m’. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m’ te kase, mwen te nan …
Sòm 101
1 ¶ Se yon sòm David. M’ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M’ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m’ap chante, Seyè! 2 M’ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w’a vin jwenn mwen? 3 M’ap mennen yon lavi san repwòch anndan …
Sòm 117
1 ¶ Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! 2 Paske, li renmen nou anpil anpil, l’ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 102
1 ¶ (102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L’ap rakonte Bondye ka li. (102:2) Seyè, koute m’ non lè m’ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. 2 (102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò …
Sòm 118
1 ¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p’ap janm sispann renmen nou! 2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 3 Se pou prèt k’ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 4 Se pou tout moun …
Sòm 103
1 ¶ Se yon sòm David. Kite m’ di Seyè a mèsi! Kite m’ di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! 2 Wi, kite m’ di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. 3 Li padonnen tout …