1 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l’. 2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. 3 Larivyè yo desann, Seyè, …
Sòm 78
1 ¶ Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m’ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n’ tande sa m’ap di! 2 Mwen pral pale ak nou, pou m’ fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan, 3 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay …
Sòm 94
1 ¶ Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. 2 Ou menm k’ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k’ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite! 3 Kilè mechan yo va sispann fè …
Sòm 79
1 ¶ Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2 Yo kite kadav moun k’ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin …
Sòm 95
1 ¶ Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k’ap pwoteje nou an, pou moun k’ap delivre nou an! 2 Ann parèt devan li pou nou di l’ mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! 3 Paske, Seyè …
Sòm 80
1 ¶ (80:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k’ap mennen …
Sòm 96
1 ¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! 2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. 3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay …
Sòm 81
1 ¶ (81:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y’ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (81:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 2 (81:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou …
Sòm 97
1 ¶ Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! 2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L’ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. 3 Yon dife ap mache …
Sòm 50
1 ¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble. 2 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn …