Jòb 5

1 ¶ Rele non, Jòb! W’a wè si gen moun k’ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale? 2 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo. 3 Mwen menm, mwen wè moun fou ki …

Jòb 6

1 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans, 3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m’ …

Jòb 7

1 ¶ Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l’ap fè. Li tankou moun k’ap vann jounen! 2 Li tankou yon esklav k’ap tann lannwit pou l’ poze, tankou yon travayè k’ap tann kòb jounen travay li. 3 Depi kèk mwa, m’ pa wè poukisa m’ap viv. Tout …

Jòb 8

1 ¶ Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: 2 -Kilè w’a sispann pale jan w’ap pale a? Se bri ase w’ap fè tankou kalbas gran bouch! 3 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat. …

Jòb 9

1 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye? 3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l’ venmil keksyon, li p’ap ka reponn yonn menm. 4 …

Jòb 10

1 ¶ M’ degoute ak lavi a. M’ pa ka kenbe ankò. Kite m’ plenn sò mwen! Kite m’ di tout lapenn ki nan kè mwen! 2 M’a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m’. Fè m’ konnen poukisa ou leve dèyè m’ konsa. 3 Eske ou gen rezon pou ou …

Jòb 11

1 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa: 2 -Atò pesonn p’ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon. 3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w’ap pase moun nan …

Jòb 12

1 ¶ Jòb pran lapawòl, li di: 2 -Apa nou k’ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba! 3 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l’. 4 …

Jòb 13

1 ¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m’. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann. 2 Sa nou konnen an, mwen konnen l’ tou. M’ pa pi sòt pase nou. 3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m’ annafè. …

Jòb 14

1 ¶ Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! 2 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k’ap pase. 3 Epi, Bondye, se sa w’ap louvri je ou gade. Se sa w’ap fè …