Pwovèb 19

1 ¶ Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w’ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. 2 ¶ Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm. 3 ¶ …

Pwovèb 20

1 ¶ Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. 2 ¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k’ap gwonde. Moun ki mete l’ ankòlè a, se pwòp tèt li l’ap fè …

Pwovèb 21

1 ¶ Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l’ kote li vle. 2 ¶ Lèzòm mete nan lide yo tou sa y’ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k’ap jije sa ki nan kè yo. 3 ¶ …

Pwovèb 22

1 ¶ Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. 2 ¶ Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. …

Sòm 140

1 ¶ (140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (140:2) Seyè, delivre m’ anba mechan yo non! Pwoteje m’ anba ansasen yo non, 2 (140:3) anba moun k’ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 3 (140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan …

Sòm 141

1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m’ap rele ou, prese vin kote m’ non! Panche zòrèy ou pou tande lè m’ap rele nan pye ou! 2 Se pou lapriyè m’ moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m’ leve men m’ pou …

Sòm 142

1 ¶ (142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (142:2) M’ap louvri bouch mwen, m’ap rele Seyè a. M’ap louvri bouch mwen, m’ap kriye nan pye Seyè a. 2 (142:3) M’ap louvri kè m’ bay Bondye, m’ap rakonte l’ mizè …

Sòm 143

1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, koute m’ lè m’ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m’ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri. 2 Pa jije m’ sou sa m’ fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen …

Sòm 145

1 ¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan. 2 Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 3 Seyè a gen …

Sòm 146

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m’ fè lwanj Seyè a! 2 M’ap pase tout lavi m’ ap fè lwanj Seyè a. M’ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m’ap viv. 3 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. 4 Kou …