Sòm 132

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou. 2 Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l’ …

Sòm 133

1 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm! 2 Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k’ap koule sou bab li desann nan kou rad li. …

Sòm 134

1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k’ap sèvi Seyè a, nou tout k’ap pase nwit lakay li ap sèvi l’, ann fè lwanj Seyè a! 2 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a! 3 Se pou Seyè …

Sòm 135

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k’ap sèvi Seyè a, 2 nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! 3 Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li …

Sòm 136

1 ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 2 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou! 3 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li …

Sòm 137

1 ¶ Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t’ap kriye lè nou chonje peyi Siyon. 2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a. 3 Moun ki te fè nou prizonye yo t’ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki …

Sòm 138

1 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m’ap di ou mèsi ak tout kè m’. La, devan lòt bondye yo, m’ap chante, m’ap jwe gita pou ou! 2 M’ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m’ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou …

Sòm 139

1 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m’, ou konnen ki moun mwen ye. 2 Ou konnen lè m’ chita, ou konnen lè m’ kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k’ap pase nan tèt mwen. 3 Mwen te mèt ap mache, …

Sòm 144

1 ¶ Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m’ jan pou m’ goumen, se li ki pare m’ pou m’ al nan batay. 2 Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m’ …

Sòm 146

1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m’ fè lwanj Seyè a! 2 M’ap pase tout lavi m’ ap fè lwanj Seyè a. M’ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m’ap viv. 3 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. 4 Kou …