1 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa: 2 -Atò pesonn p’ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon. 3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w’ap pase moun nan …
Jòb 12
1 ¶ Jòb pran lapawòl, li di: 2 -Apa nou k’ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba! 3 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l’. 4 …
Jòb 13
1 ¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m’. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann. 2 Sa nou konnen an, mwen konnen l’ tou. M’ pa pi sòt pase nou. 3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m’ annafè. …
Jòb 14
1 ¶ Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! 2 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k’ap pase. 3 Epi, Bondye, se sa w’ap louvri je ou gade. Se sa w’ap fè …
Neemi 10
1 ¶ Premye moun ki siyen dokiman sele a se te gouvènè Neemi, pitit gason Akalya a. Apre li, Sidkiya vin siyen. 2 Men non pret ki te siyen dokiman an: Seraja, Azarya, Jiremeja, 3 Pachou, Amarya, Malkija, 4 Atouch, Chebanya, Malouk, 5 Arim, Meremòt, Obadya, 6 Danyèl, Gineton, Bawouk, …
Neemi 11
1 ¶ Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo. 2 Pèp la …
Ezra 9
1 ¶ Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m’ konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, …
Ezra 10
1 ¶ Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t’ap lapriyè. Dlo nan je, li t’ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t’ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò …
Neemi 1
1 ¶ Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l’ la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t’ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. 2 Anani, yonn nan frè m’ …
Neemi 2
1 ¶ Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t’ap gouvènen, nou te nan mitan mwa Nisan. Jou sa a, se te tou pa m’ pou m’ te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l’ ba li. Li pa t’ janm konn …