1 ¶ Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l’ konsa: 2 -W’a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l’a ofri yon bèf osinon yon kabrit …
Levitik 2
1 ¶ Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l’ fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l’a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l’a mete lansan sou li tou. 2 Lèfini, l’a pote …
Levitik 3
1 ¶ Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l’ap ofri, l’a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite. 2 L’a mete men l’ sou tèt bèt l’ap ofri a, l’a touye l’ devan pòt Tant Randevou …
Levitik 4
1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa: 2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l’ pa t’ dwe fè, men sa …
Levitik 5
1 ¶ Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l’ di sa ki pase epi li refize pale sa l’ te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou …
Levitik 6
1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa: 2 -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te …
Levitik 7
1 ¶ Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y’a mete apa nèt pou Seyè a. 2 Y’a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt …
Levitik 8
1 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa: 2 -Pran Arawon ak pitit gason l’ yo ansanm avè ou. W’a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de …
Levitik 9
1 ¶ Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l’ yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. 2 Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou …
Levitik 10
1 ¶ Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y’ al ofri l’ bay Seyè a. Men, dife a pa t’ bon paske se pa t’ …