1 ¶ Ezekyas voye envite tout moun peyi Jida ak tout moun peyi Izrayèl yo. Li voye lèt bay branch fanmi Efrayim ak branch fanmi Manase yo. Li voye envite yo pou yo vin nan Tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, pou yo fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye …
2 Kronik 31
1 ¶ Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan …
2 Kronik 32
1 ¶ Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo pou moutre jan li t’ap sèvi Bondye ak tout kè li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sènen tout lavil ak gwo ranpa yo avèk lide pou l’ pran yo. 2 Lè Ezekyas wè Senakerib t’ap pwoche …
2 Kronik 33
1 ¶ Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. 2 Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. 3 Li rebati …
1 Kronik 21
1 ¶ Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la. 2 Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk …
1 Kronik 24
1 ¶ Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 2 Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon. 3 …
1 Kronik 25
1 ¶ Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y’ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men …
1 Kronik 26
1 ¶ Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t’ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf. 2 Mechelemya te gen sèt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayèl …
1 Kronik 27
1 ¶ Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t’ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis …
2 Kronik 1
1 ¶ Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvènman l’. Seyè a, Bondye li a, te kanpe la avè l’, li te ba li anpil pouvwa. 2 Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout …